Rechercher dans ce blog

samedi 15 avril 2023

Tikal: Yon powèm sou twa wòch dife




Sa fè bon de twa lanne, literati kreyòl blayi kò l nan tout kwen peyi a. S on epidemi ki jwenn jarèt kèk majòjon tankou: Georges Castera, Frankétienne, Félix Morisseau-Leroy, Gary Victor, Lyonnel Trouillot, elatriye…

Lè n fè je n travèse zèv mesye sa yo n a konprann ke literati kreyòl la pote yon bèlte ki byen dous, li charye tout enèji natirèl yo, epi pote souf lavi ban nou nan de pla men.
Literati kreyòl la dous, chak moun pran tikal, se konsa Kervens CHERY, ki se yon jèn powèt ki kale nan Machan Desalin, drese moso lavi l, nan yon powèm k ap mache kontre legzistans.
TIKAL s on powèm ki layite twa grenn zye l sou kat kwen peyi a, s on melodi sou lanmou, lanmò ak lavi.

Se nan powèm sila, otè a ban nou yon lòsyè nan sa l wè, viv, epi tande.



Lè nou plonje je nou andetravè nan powèm nan, nou wè powèt Kervens fè elòj pou libète lapawòl ak rigè e lonètete, powèt la fè nou konprann nan yon tikal powèm ke nou dwe gen kapasite pou nou simaye moso koze lè sa pa mache, nou dwe pale san tete lang ,nou dwe responsabilize sa k dwe responsab e pran responsabilite nou ak de men.

« Si yo mande w
Pa mete baboukèt
Pèp la twò paladò
Di yo 
Se ou k te bay twou vid
Pou tout basketè make pwen
Nan panyen lavi m »

Pi devan, powèt la drese lanmou mete sou yon tab, li envite tout moun vin pran tikal,vin goute ak powèt la,vini, vini, lanmou twò piti pou latè.
Nan Tikal, powèt Kervens pa wè tèt li sèlman li wè l bò kote yon lalin k ap dodomeya sou kè l. 
San pran tan nou konprann powèt la donte lanmou avèk anpil ladrès.

Menm jan Powèt Douglas Zamor fè kwè lanmounite an « Se posibilite nou genyen pou nou renmen yonn lòt. Pataje konesans renmen an. Epi ede yonn lòt avanse san fòskote. »

«Lè m avè w
Mwen naje kou pwason fou
nan kontantman
Souri m longè souf mwen »

"Fanm nan gade m 
byen gade
epi l manje dan
l ap gade m
ak tout anvi di li sou li
li wè tout sa l ta fè m
li menm imajine m
k ap chanje lwil nan motè l
ou ta di mekanisyen
k ap deboulounen
2 pyès nan lestomak li 
pak an pak »

Nan Tikal, Powèt Kervens pran tikal nan lanmò tikal nan lavi, chak moun jwenn tikal, li ranmase tout souri sou latè pote ale byen lwen bay letènite.

Powèm nan kenbe souf li, li mare senti l pou l gade ale lavi k ap depafini tikal pa tikal, kwè m TIkal s on ponyen sèl nan mitan twa wòch dife…


Wolbens Jean-Baptiste

3 commentaires: