Rechercher dans ce blog

jeudi 23 novembre 2023

Sèkstòy : poukisa ?



 Li satisfè m plis pase lè m kouche ak yon gason. M ka di si m kouche ak 10 gason deja, 2-3 ki fè m voye san m pa touche tèt mwen. Poutan, lè m itilize sèkstòy la, m gen 100% chans pou m satisfè. 



Sara Pierre (non prete) se yon jèn ayisyèn ki fini etid klasik li an Ayiti. Touswit aprè, li pran chimen Larisi kote l ap fè etid inivèsitè li. Se pandan li kite Ayiti, li dekouvri sa ki sèkstòy la. Li te pale nou eksperyans li ak aparèy sa. "m te santi m byen, se menm jan m t ap woule krèt mwen" deklare Sara. Li kontinye pou l di: "sèkstòy la bon anpil, li evite m fè anpil efò". 

Sara fè konnen li jwenn ase plezi ladan l, li prefere mastibe olye li t al fè bagay ak yon gason ki paka fè l voye. Nan echanj etidyan an te gen avèk nou, li rapòte nou li pa gen lè egzat pou l itilize sèkstòy la. Depi l anvi dekonprese l, li mastibe ak sèkstòy la. Li garanti nou li toujou satisfè. " Li satisfè m plis pase lè m kouche ak yon gason", fè konnen Sara. Li vanse pou l di : "m ka di si m kouche ak 10 gason deja, 2-3 ki fè m voye san m pa touche tèt mwen. Poutan, lè m itilize sèkstòy la, m gen 100% chans pou m satisfè". 

Vanessa Joseph (non prete), etidyan nan sikoedikasyon, fè konnen : "yon moun ki itilize sèkstòy se moun ki nan eksplorasyon kò yo ak fason pou yo bay plezi". Li pouswiv pou l di 2 moun ki ansanm, se pa tout fwa tou 2 anvi plumen an menm tan. "Mastibasyon ak yon zouti ki fèt pou sa, ka tanpere anpil fristrasyon ki te ka genyen ant 2 moun ki ansanm" presize Vanessa.

Men gen yon risk ladan l, etidyan an sikoedikasyon an mansyone adiksyon. "Si moun nan fè l pa pou pran plezi odepa, si l pa kontwole, si l pa ekilibre men li fè l pou chase yon move sansasyon, li ka antre nan chema adiksyon an", deklare Vanessa. Li fè konnen depi gen adiksyon, se ak sa moun nan adikte a l ap panse, men li vin pa yon altènativ ankò ki se pran plezi ak yon moun. "Altènativ la ka kalme pilsyon an jiskaske l jwenn sèkstòy la pou l manevre l jan l vle", eksplike etidyan an sikoedikasyon.

Lournadjoo JEAN-GILLES, (non prete), etidyan an medsin fè konnen li pa konnen ak ki matyè aparèy la fèt, li jis wè l nan foto, men li byen anvi eseye. Lournadjoo fè pwen sou ijyèn. "menm jan lè n ap woule krèt nou ,si nou pa byen jere ijyèn nan, nou ka mennen bakteri k ap vin abouti a enfeksyon nan bouboun nou", rakonte etidyan an medsin nan. Nan pratik matibasyon an, fanm ka pran enfeksyon sa yo "Vulvite", "Vaginite", "Cystite", " infection urinaire".

Pou evite enfeksyon sa yo, Lournadjoo konseye tout moun k ap pratike mastibasyon ak sèkstòy, dabò fòk yo dezenfekte materyèl la avan yo itilize l, answit fè twalèt lè yo fin mastibe, aprè pa lage ti flè oubyen ti jwèt la nenpòt kote. 

An 2013, gwoup mizikal "KLASS" sòti yon albòm ki rele "fè l vini avan". Plak la te gen 11 mizik ladan l, an 10èm pozisyon, te gen yon mizik ki gen pou non "Bootleg". Mizik sa fè pwomosyon pou fanm gen sèkstòy, pou mesye yo achte l pou patenè yo. 10 lane aprè, Roody Roodson sòti 2èm albòm li ki rele "TOU 9". 14èm mizik ki gen nan plak sa sou 16, mizik sa rele "Ti jwèt la" ki genyen kolaborasyon Mechans-t ladan l fè menm apoloji sèkstòy. Posib ka gen plizyè lòt mizik ki pale sou sijè sa. Men sa ki fè lyen ak 2 mizik sa yo, gason an santi li pa prè oubyen li paka satisfè patenè l pou moman an, li dakò pou fanm nan sèvi ak bootleg la oubyen ti jwèt la olye fi a genyen yon lòt patenè. 

Pou etidyan an sosyoloji Dieula Joseph (non prete) wè yon moun ki chwazi itilize sèkstòy s on moun ki santi l lib nan kò l, nan lespri l, lib pou l eksplore tèt li sou plan seksyèl epi jwi endepandans seksyèl li chwazi bay tèt li. Li tou konpare pwomosyon k ap fèt pou sèkstòy la ak yon kategori nan mouvman feminis lan. "M di sa se pa rapò ak yon kategori feminis enfliyan konn fè apwòch yo, pa egzanp ki di depi yo gen ti zouti yo, tout gason mèt mouri", obsève Dieula. 

Etidyan an sosyoloji an rive konprann ane avan yo pat gen tout pwomosyon sa yo, se platfòm sosyal yo ki fè l rive pi vit sou tout kouch sosyal. Avèk libète ekspresyon, moun ka rive pale sou preske tout sijè tankou seksyalite, se s on pwen ki fè sèkstòy la vilgarize chak jou. 

"m pa chwazi itilize sèkstòy pou m pa devlope yon adiksyon, epi m pa santi m gen bezwen sa tou, men yon moun ki itilize l, m pa wè l kòm yon deprave", deklare Dieula. Li fini pou l di : "m wè s on moun k ap jwi libète l seksyèlman". 


Gathely D. CHERY 






8 commentaires: