Rechercher dans ce blog

vendredi 19 mars 2021

Lèzonyon, yon pratik seksyèl ki koze anpil pale




Lèzonyon se yon pratik seksyèl ki fè anpil deba jodya. Yonn nan patenè yo pran lang li pou souse tou dèyè lòt patenè a nan moman y ap fè lanmou. Fòm seksyèl sa fè anpil deba nan emisyon, nan machin, kote ki gen gwoupman, elatriye.

Gen plizyè fason moun fè lèzonyon. Yonn nan fason ki pi kouran, se pozisyon nou rele souvan bakchat la. Sa vle di patenè pran fòm 4 pat, lè tou dèyè l vin ekspoze. Lòt fason, se fè patenè a kouche sou vant, epi karese, souse fant dèyè l pou jis yo jwi. Gen divès lòt pozisyon ki egziste.

Anne Pierre se yon moun ki viv eksperyans lèzonyon deja. "Nou t ap fè lanmou, li karese tout kòm san eksepsyon", eksplike jèn kapwaz ki gen 23 lane. Li avanse pou l di: "premye fwa li fè lèzonyon pou mwen, mwen jis kouche, m ap swiv". Menaj Anne Pierre fè lèzonyon pou li a chak fwa y ap fè lanmou. Anne Pierre santi sansasyon sa fè l byen.

Daprè sosyològ Gregory Songer Clerveaux, pratik seksyèl sa nouvo nan sosyete a, petèt sosyete a pa gen je sou li trò lontan, men pèsonn pa konnen reyèlman depi kilè moun ap pratike l. "M panse li enpòtan pou sosyete a al aprann konnen sa lèzonyon ye ofon", konseye Songer. "Syans medikal yo dwe konnen sal genyen ladanl pozitivman, negativman sou pratikan yo", egzòte sosyològ la.

Yon etidyan nan syans sante Lourdjoana Barbara CHERFILS fè konnen gen gwo danje nan fè lèzonyon. Moun ki chwazi fè pratik sa dwe pran anpil prekosyon pou yo pa atrape bakteri. Barbara aprann nou me ki maladi w ka pran nan lèzonyon: Infection urinaire, gastro-entérite, plaies, setipcemies etc... Li fè konnen gen anpil bakteri moun ka jwenn tankou Salmonella,Salmonella paratyphy, Listeria monocytogenes encephalites , infection pulmonaire, conjonctivite, elatriye.

Vanessa Joseph se yon etidyan nan syans moun fè konprann fè bagay se yon salte. Se nan salte sa menm patenè yo ap chèche twouve plezi yo. Li kontinye pou l di : "mwen pa kont yon moun ki fè lèzonyon, depi l gen kè pou l fè l, depi l jwenn plezi ladanl". Pa kont, li menm li fè konnen plezi l pa rive jis la.

Lamy Georges, yon frè legliz ki fè konnen tout sa labib pa mansyone, li paka vrèman opine sou li. Selon li menm, sa depann totalman de moun nan. "Alò se yonn nan rezon ki fè menm nan nouriti Bondye bay lòm, li fè anpil espès. Menm yon sèl fri, fè divèsite", demontre frè kretyen an. Sa menm lide sa Jean Robert Noël, yon lòt frè kretyen vrèman asid avèk pratikan yo. "Se yon bagay salòp sa ye, lanmou pa rive jis la", pwononse Noël. Li kontinye pou l di: "nou wè lòm ap pran plas bèt, genlè se bèt yo ki gen rezon konnya, lòm nan pran ensten an". Katiana François, yon etidyan syans moun pa retwouve  l nan pratik seksyèl la. "Mwen pa di yon moun pa fè l, men mwen kont li. Mwen twouve salte sa rive two lwen", rakonte Katiana

Wilvens Lamour, yon etidyan an sikoloji fè konnen chak moun wè seksyalite diferan. Sitou li fè konnen jis konnya sijè sa rete tabou nan sosyete a. "Pandan tan an ap evolye, gen pratik seksyèl ki vin nòmal", eksplike Wilvens Lamour. "Gen plizyè pratik seksyèl ki vin evolye, yo pat aksepte yo avan tankou ti bèf, bondaj, elatriye" ilistre etidyan nan sikoloji. Li avanse pou l di seksyalite vin konplèks. Chak moun chèche plezi yo jan yo kapab.

Anne Pierre ki fè eksperyans lèzonyon revele fè bagay nan dèyè diferan nan lèzonyon. Yon moun ka fè lèzonyon nan pa gen okenn penetrasyon nan dèyè. Pou li menm, jwisans sa pote anpil satisfaksyon nan vi l. Èske 2 moun ki an relasyon dwe fè eksperyans lèzonyon pou yo rejwi konplètman?

Gathely D. CHERY

P.S. Anne Pierre ak Vanessa Joseph se non envante.

9 commentaires:

  1. EDensH (Mesye H)19 mars 2021 à 17:36

    M renmen jan kreyòl yo... kreyòl nan tèks la. Se depi la pou tabou a tonbe : pale sou sèks nan bon kreyòl. Travay envestigasyon an serye. Men m t ap byen kontan w jwenn plis espesyalis ki an rapò ak sijè yo frè frè (doktè, sikològ pou seksyalite, elatriye)

    Bravo e byen kontinye redaktè. Se pou deba a fè chimen l.

    RépondreSupprimer
  2. Waw! Mwen vrèman apresye travay lan. Se divès enfòmasyon sila yo nou bezwen pou demistifye anpil pwoblèm seksyèl nan sosyete nou an. Jwenn enfòmasyon sou sijè sa ki toujou tabou nan yon bann lokalite nan peyi Dayiti pa fasil. Sa a se yon gran pa. Sepandan mwen pa rejwenn mwen vrèman nan fen atik lan akoz kesyon ki fini l lan. Se tankou m santi lè travay lan kòmanse, lè otè a antre nan nannan an, se lè sa l fini...

    RépondreSupprimer
  3. Reyèlman se yon bagay mwen tende k ap pale deja. M trouve li ezgaje pou yon moun jwenn plezi nan yon jan de bagay konsa. M ap profite remèsye staf ekip ki pran angajman pou enfòme sosyete a nan yon jan de sotiz konsa.

    RépondreSupprimer
  4. Anus yon moun, se yon espas ki la pou moun twalèt. Se pa yon kote ki janm pwòp menm lè ou fin benyen. Epi ou met ta fè twalèt ou 50mil fwa youn dèyè lòt, tou dèyè ap toujou santi twalèt.

    Mw pap aksepte yon moun fè bgy sa pou mwen, paske sikolojikman mwen pap sant mwen byen. Epi pou moun sa ta vin bo'm anko... Wouch! Si sikologikman mwen pa byen nan lanmou an, mwen pa wè ki plezi mwen pral santi nan sa anko mezanmi.

    Anne Pierre bliye di nou eske li te kite mennaj li a bo li, e pran lang avel anko?

    RépondreSupprimer
  5. Oulala🔥 m aprann. Bèl travay, m konprann pi byen lè se nan lang sa !

    RépondreSupprimer