Rechercher dans ce blog

mercredi 20 janvier 2021

Drivayè





Tche wòb ou santi krim
Kri fèt nan mitan lari gran jounen pou yon zanfan w ki viktim
Lamen m san m tresayi yon mouch vin poze sou po m li griye nwè

Lè m pale twòp
Lè souf mwen bout
Lè m pa jwenn dlo pou m vèse ankò
M pòtrè moun fou tchwè nan rasanble moso boutèy pou m voye a gòch, pou m voye a dwat sou gran chimen.

Moralite se pou sila ki nan lwil, dayè lwil la cho sou do pye m.
M konstate ke se ak movèz fwa leta bouskile m sou manmzè l lamizè
se ak malfezans enkonparab leta pran mache sou rèv mwen san konpasyon ak gwo bòt nèf edmi pa trèz li a

Fyèl mwen preske pete, se wè pou n ta wè.

Sal paka kalifye m, yo plede kalifye m de sa m pa ye
Midi kou minwi chèf ap kalote m pou chive m ki nan tèt mwen.
Mwen se retay yon bon twèl, tay mwen pa si anpil ke sa menm gen wotè tout malè san sa m tap glase deja

Lanp tèt gridap mwen an limen chak flanm pote yon mesaj
Se pa gaz ki andidan l se san, se swè
Liberasyon pa fèt lajounen, fòk lèzany enplike.

M chwazi anyen pou n ka tout bagay
M reziyem
Fyouw m lanse yon dènye boutèy sou tchè manman leta
M pwal pran yon dènye sabòt
M reziye m
Eskize m lepèp, leta pi voksal ke sa.


Backer Fritz Stanley

4 commentaires:

  1. M swetew kenbe la zantray jis kou nou jwen liberasyon nou anba men malfwa sa yo bel tex patriyòt

    RépondreSupprimer
  2. gwo bout tonton teks, tchenbe la pa moli

    RépondreSupprimer
  3. Yon teks chaje ak realite kap eksprime vizaj lasosyete.... Chapo ba fanmiy

    RépondreSupprimer