Rechercher dans ce blog

samedi 28 janvier 2023

Ribrik 10 kesyon oze: Manoucheka CHERIZAR




Manoucheka CHERIZAR se yon jèn nègès ki mete kanpe Manoucheka Services Esthétiques. Ajans sa mete aksan anpil sou bote, tankou fè zong, mekòp, trètman cheve ak anpil lòt sèvis. Amabilité Magazine kontan poze etidyan nan syans enfimyè a 10 kesyon oze.

AMAG: Kisa ki ka pwovoke laperèz lakay ou?
M.C : Echèk

AMAG: Antanke jèn k ap bouje nan yon peyi tankou Ayiti, kibò w jwenn enèji pou w kontinye?
M.C: Sou entènet la epi bò kote moun nan antouraj mwen k ap fè bagay pozitif.

AMAG: Ki konsepsyon ou genyen de moun k ap pratike fè bagay nan tou dèyè ? (Sexe anal)
M.C: Sa m pa vrèman ka opine sou li paske se yon bagay m jis tande konsa ke m pa menm chwazi fè rechèch sou li.

AMAG: chwazi yonn: yon envèstiman 100.000 dola ameriken nan Manouchka Services Esthétique oubyen yon rezidans 10 lane nan peyi Ozetazini ?
M.C: M t ap chwazi premye a paske aprè envèstisman epi siksè anpil lòt bagay t ap vini.

AMAG: ki pwopozisyon ou jwenn deja ki te fè w kriye?
M.C: M poko jwenn sa

AMAG: Sa "bwa kale" vle di pou ou?
M.C: peyi lòk , manifestasyon epi lavi a ki vin pi di

AMAG: ki desizyon ou pran nan lavi w regrete deja?
M.C: Desizyon yo anpil e yo fè mal, ann kite yo pase estad sikatrizasyon an.

AMAG: Ki pi gwo manti ou bay menaj ou?
M.C: Di l ke m pa te konn pale ak èks mwen lè nou te fenk rankontre.

AMAG: konbyen fwa ou pratike mastibasyon pa semèn?
M.C: M pa pratike bagay sa paske m twouve li ridikil pou fiy, sitou lè w pa genyen materyèl seksyèl m wè medam yo itilize nan dènye tan yo.

AMAG: ki non "kwòch" ou ? (Crush) ?
M.C: M pa genyen kwòch

Kontinye swiv Amabilité Magazine pou yon lòt ribrik 10 kesyon oze ak yon lòt pèsonaj.


5 commentaires: