Rechercher dans ce blog

mercredi 21 octobre 2020

Makonnaj kabrit ak mouton

Yo toujou fè n konprann kabrit ak mouton pa zantray. Pou yo pouse n kwè zafè youn pa zafè lòt. Sa fè bèt sovaj ki manje kabrit ak mouton kontan.

Sa fè lontan depi nan vil Okap gen yon santiman chak koukouy klere pou je w k ap grandi, anplis k ap lakòz moun kontinye sibi ak menm mouri.
Pou yo pa di m pase pa twòp chimen banm antre nan detay.

Nan fen lane 2019 yon ensidan pase nan UPNCH, kote yo arete 3 etidyan, chèf inivèsite sila te mete deyò pou tèt y ap mande fòmasyon nan bon kondisyon, okenn gwoup etidyan nan okenn lòt inivèsite nan vil la pa ekri yon nòt alewè pran lari pou mande liberasyon pou etidyan yo. Tout moun konnen jan sa te fini, yo libere yo an kachèt aprè plis pase 2 mwa nan prizon, ak lòd pou yo pa janm tounen nan espas inivèsite a.

Nan menm espas sila bandi ak inifòm sekirite tire sou etidyan.
Nan kanmpis limonad, pou revandikasyon fonde yon konsèy defakto mete 2 etidyan deyò pou montre a klè nou fèb kòm etidyan.

Kanmpis limonad fèmen, epi FDSEG/CH ap fonksyone, UPNCH ap fonksyone. Sa k pase Limonad pa regade etidyan Okap.
Sèl sa m konnen depi nou pa aksepte goumen ansanm, n ap mouri ansanm.
Bèt sovaj ki wè nou pa solidè ap toujou pran plezi nan manje nou grenn pa grenn.

Otè tèks sa rete anonim!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire