Rechercher dans ce blog

vendredi 28 janvier 2022

Yon kout je nan plidetwal Evelyne TROUILLOT



Plidetwal s on liv pwezi Evelyne TROUILLOT li menm ekri. Liv sila soti nan Edisyon "Presses Nationales d'Haiti" "Collection Souffle Nouveau".

Atravè zèv sa, nou santi prezans yo bon kreyolizay; Se kòmsi nou ta ka di mo yo pa tan pou fè n danse Sanba ,Banda san pannta.
Zèv sila fèn fè fas ak reyalite plezi pwezi .
pwezi tounen plezi, koz Evelyne pran plezi l nan ban n pwezi plezi.
S on powèt evade, li evade nan mond mo yo; Epi mo l yo fè n pèdi sitou lè l di :


"Plezi a pranm pasipriz
li tekem
Tankou Ti moso lalin
li glise sou po m
Yon zetwal karese memwa m
Tout kote li mete Ajenou
ap tann
San l pa t konnen
kilè plezi a t ap tounen
pran m
pa sipriz
sanzatann"

Nan kòmansman zèv sila a Powèt la petèt adrese l ak yon ti jennonm Wondonmon pou ba l yon ti karès anba dra. San mwen pa bezwen di Powèt la te a tout anvi l sou li:

"Nan ki lang pou m pale avè w
lè pawòl anba dra
pase souf li sou
vant mwen"

Sa se sekrè pa l nou pa vle devwale powèt la men nan nostalji l sanble kafe l koule ak ma.

Sanble nan mache chache powèt la dòmi san soupe l koz grenn zetwal li t ap chache a pèdi nan fon lannuit.
Si n vle konprann pawòl sila a f on kout je nan paj 13 kote powèt la te plonje nan ranmansay zetwal k ap file pandan l t ap file nan linivè mo san mo .

"M kanpe sou pwent pyem
pou m ranmase zetwal
yo chavire
yo pa janm remonte"

Nan chifonnen papye l powèt la pèdi chimenl pou l bòde bò lanmè nan fraz li di :

"Pa mande m ki wout
pou m fè
lanmè pase lang li sou pyem
pou m pa pèdi nan mitan mistè
Ak deblozay latè"

Nan twò karese lannuit powèt la t al tonbe sou bann chanpwèl li .
Nan biche bounda kòdonye li jwenn yon soulye ki pa mezi pye l.
Pantan sou ti jennonm lan l al kwaze a zo grenn li.

"M plonje nan zile w san m pa t konn naje..."

Liv sila s on liv ki genyen yon pwezi wololoy
kote powèt la karese kreyòl li ak bon jan kout lang san bave tankou jèn kapwa a Gathely D. CHERY. Se tou yon liv kote powèt la fè lank plim li vomi tout move eksperyans li sibi nan chak grenn liy kaye lavi l .

Evelyne degrennen yon dividal sekrè. Si w pa vle zetwal ou pliye, plidetwal kapab ede w .


Kervens CHERY / Néhémie ADOLPHE

9 commentaires: