Rechercher dans ce blog

dimanche 1 mai 2022

M kandida


M ap chèche konprann kiyès ou ye. M bout lespri m nan je w, 2 boul solèy nan tèt ou klere tout dezi ki pote anndan m. Kè m rakousi nan men w, pa peze l, twòp defo m ka koule sou ou. Jis netwaye l, epi mete l tou pre pa w la. Omwen yo ta fè ti ba tiout tiout. M ret kwè chak kwen dan w gen yon pwezi ki ekri ladan l. Chak fwa w souri, pwezi ponn yon nouvo mo. Kite m di w m kandida. Wi, m kandida, m pa gen konn pouki rezon. M p ap pwomèt anyen, m se nèg nwa, m pa gen po wòz. Sèlman m konn ki kapasite m genyen chak lè m konn se pou ou mwen dwe kontinye fè lèzonyon pou lavi.

M vle w klè sou sa, m kandida pou m genyen w. Ou pa richès ni pouvwa, ou jis sa lavi te bezwen konplete a pou l te gen sans. Si tout moun gade ak 2 je, m jis pale ak 2 pa m yo. Pafwa w mòde bouch ou jan vag lanmè a monte sou wòch yo, pito m te sab, m tap tou ale avè w, zafè si w te mennen m tounen aprè. M kandida. Pa mande m sa pou m pote, m pa gen anyen. Sèl sa ka di w m kandida san tèt mwen pa kale, m pa gen bannann, m pa pitit pèsonn, m jis kandida san pwogram.

M pa konn ki chwa w, sèl sa m garanti tout sa w deside ki bon pou ou, m genyen. Se bonè w m ap chèche. Si w twouve nan mwen sa w vle a, banm manda kè w ak kò w. Si se pa mwen, bay pwezi a li. M kwè se pwezi ki gen pi bon pwogram politik lavi byennèt ou vle a. Fè yon chwa, swa w pran m oubyen pwezi. M kandida.

Gathely D. CHERY

24 commentaires:

  1. 😂monchè w kandida vre wi, kenbe la pi gran

    RépondreSupprimer
  2. Gade koze mesye 🤣🤣🤣

    RépondreSupprimer
  3. Du lourd, validé 100%

    RépondreSupprimer
  4. Powèt powèt ou frèm.Bay tete lang ak mo janw kapab.

    RépondreSupprimer
  5. 😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂

    RépondreSupprimer
  6. M panse se kandida nan koze politik wi😂😂😂

    RépondreSupprimer
  7. Bwa vau kouz ...........👍

    RépondreSupprimer
  8. Bon bagay bro, kontinye yon fason pou l fe chwa de ou pito

    RépondreSupprimer
  9. W ap eli depi nan premye tou sitoutfwa elektè a konn sa l vle

    RépondreSupprimer
  10. Dim ki lhr election an poum bay grenn vòt pam nan

    RépondreSupprimer
  11. Mh renmen travay ou anpil🥰felicitation boo

    RépondreSupprimer
  12. Plato a leje,men met anpil poids ladanl.
    Bn travay ti frè

    RépondreSupprimer
  13. M pa pwomet ou anyen men le sansyel m kandisa Bon travay piti

    RépondreSupprimer
  14. Bravo kolèg. Kontinye eksprimew ak kout plim u.

    RépondreSupprimer
  15. Ou kandida pou fanm viw la ou byen yon lot ankò

    RépondreSupprimer
  16. E mwen ki te gentan ap atann mwen a yon bagay politik 🤭

    RépondreSupprimer