Rechercher dans ce blog

dimanche 3 juillet 2022

Lanmou mouri




Yon maten konsa
solèy la pèdi souf li
li pa leve
ou deside fè menm wout avè l

Dan m jouke nan bouch mwen
m pete rele pou w tande kri m
ou ale san gade dèyè

M bouke tann apèl ou
dlo je m ekri plizyè lèt pou ou
m pa konn si w resevwa yo
oubyen si w pa deside reponn tou
lanmou mouri aprè egzistans ou

Dènye fwa n makonnen ansanm
pafen ou ret sou mwen
m nwaye nan souvni yo
lespwa banm do
lanmou kaba.

Gathely D. CHERY
3/ 7/ 2022

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire