Rechercher dans ce blog

jeudi 22 septembre 2022

Bob, yon zetwal nan literati



John Bob Widly JOSEPH s on powèt a gran P. Se ba latinonit li boujonnen nan yon n zòn ki rele Lyankou.
Sa n dwe konnen depi Bob pran ti plim li, li pase l nan zorèy kaye a konnen gen yon ti lèzanj k ap fè pwezi a filalang. Nan pwezi li yo, w ap jwenn kichòy. Se medikaman pou djèdjè, tèks li charye anpil ti mo dou ki ka fè fanm souri menm atenn ògas nan dòmi sitou si yo dòmi san kilòt.
Si w se lanmourèz Latibonisyen an, ou pa wè l on jou konnen ou deja sitizenn nan peyi chagren, 3 jou menm s on bon kout priyè pou sove w pou bawon pa fè djapòt sou ou . Vè sa ap fè n wè m pa paladò kwè nonm pèleren 5 lan :

"Yè swa m annik 
wè desen w nan yon nyaj
Kè m kòmanse riminen w
Pou jouk dòmi pran m"

Powèt la toujou vle peyi l gen on lòt vizaj (sitou zòn li abite a menm) tankou nan vè sa menm :

"Lapli a dezitrate Tapyon
Moun payen panike
Kanivò Lyankou
devni omnivò pou manje"

Sa m renmen nan pwezi Powèt la li gen anpil vibrasyon , imaj blayi sou konn peyizan sou yon atè miyò aprè on vant midi. Figi èstil fè lapli yo tèlman tonbe ak raj lagrenn tonbe sou powèm yo. Mesye sa a tout moun ta dwe li l si w bezwn konn alsiyis lalin lè l ap gouye ak zetwal.

             KV Machann mo.

5 commentaires:

  1. Bon bèl tèks. Bèl deskripsyon.

    RépondreSupprimer
  2. Poete serieux,Bon travail frere!

    RépondreSupprimer
  3. Se pwezi k ap fèt
    Nou p ap sispann marye mo yo pou n vèsè bèl tèx pou konfrè nou. Nou pap sispann fè ochan pou s ak bon.

    RépondreSupprimer