Rechercher dans ce blog

mardi 20 septembre 2022

Wi, konsa



Yon ti van soufle sant kò w, m fèmen je m pou m admire w. M souri pou lavi, m souri pou lanmou, m souri lè w deside retire ke wòb ou sou pye m. Ou pa kite okenn espas pou lajwa kouri kite m, ou chwazi ale aprè w fin plase tout imaj ou nan tèt mwen.

Tout sant ou rete sou mwen, chak ti gout syè w lave tout chagren m yo. M vin konprann chak fwa m vwayaje nan bouch ou, ou t ap mennen m nan kèk kwen nan latè ki gen lavi, lanmou ak kè kontan san ou. Souvni yo pote m sou zetwal, m konn pèdi nan nwaj yo, men m sonje w toujou di m: "lanmou pa konn kote l ap mennen w, men l ap asire pou l mennen w kote si yon kout loray pase, kè moun ki pou ou a pap ebranle".

M paka sonje pouki w pat rete, sèlman m ret kwè ti bouch ou toujou pale pou pyebwa kontan, chante gwo midi. M pa vle pou w janm manke anyen, sitou ou se echantiyon lanmou. Si m gen chans ta kwaze w, m t ap jis souri pou ou, ou t ap rive konprann tout dlo je m yo te neye sou vant ou, avan w ale, ou geri m.

M renmen w, m ap kontinye viv sa w te ofri m yo, bèl souvni yo, bèl ti moman yo ki fè m grandi nan mitan bonè. M paka di m sonje w, ou toujou nan lespri m. M konn lanmou depi premye fwa w pete sou mwen.

Gathely D. CHERY

14 commentaires: